top of page

Estokaj gaz lakòz yon dife eklate nan yon abri pwovizwa nan lokalite Sat komin Site Solèy.

Nan nuit dimanch 5 me a 11zè konsa, yon gwo dife eklate nan yon kan nan lokalite Sat nan komin Site Solèy. Dawens Pierre-Louis ki te sou plas rakonte ak Konekte M: " Dife a eklate akòz te gen youn nan abitan kan radyo komès la ki te estoke gaz epi blòk 11zè 30 konsa gen yon timoun ki pase alimèt pou limen yon balèn nan kay la epi dife a rive mete pye.


Se gras ak dilijans abitan nan zòn nan ki fè dife a pa fè plis dega. Men 3 kay boule rapye, moun yo pa sove anyen."

Kan radyo komès la egzateman nan do Meri Site Solèy la.


Li egziste depi aprè tranblemantè 12 janvye 2010 la, 14 lane aprè gen plizyè dizèn fanmi ki toujou ap viv nan abri pwovizwa nan komin Site Solèy. Yon lòt fwa ankò estokaj gaz nan kay kontinye fè gwo dega men okenn solisyon reyèl pa janm pran ni bò kote Leta ni bò kote popilasyon sivil la ki li menm kontinye ekspoze tèt li ak danje sila.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page