top of page

Enspektè divizyonè Joachim Antoine mouri ayè mèkredi 12 jen an.

12 jen ki te make 29ème anivèsè Polis Nasyonal la. PNH la te oblije anile selebrasyon 29èm nan aprè zak asasina 3 ajan UTAG yo, nan men dat anivèsè a yon lòt move nouvèl soti nan kan PNH. Lanmò enspektè divizyonè Joachim Antoine anpil moun sitou nan komin Taba te bay ti non "Kòmandan Blokis".


Enspektè jwenn lanmò l aprè sante l te kòmanse deteryore aprè li te viktim zak kidnapping. Kòmandan Blokis se yon non ki eksprime pasyon enspektè a nan asire sikilasyon nan lari sitou nan kafou Flewo ki repite pou gen gwo blokis.


Enspektè Antoine se te yon polisye ki te senbolize deviz PNH la "Pwoteje ak sèvi a". Lanmò kòmandan Blokis kite yon vid nan PNH la ak nan kè moun Taba an patikilyè kafou Flewo. Konekte M prezante senpati l ak fanmi, pwòch, zanmi ak kòlèg polisye ki frape pa dèy sa a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page