Emmanuel Vertilaire menase demisyonnen si pa gen aksyon konkrè kont ensekirite a.
- konektem info
- 28 avr.
- 1 min de lecture
Konseye Prezidan Emmanuel Vertilaire lanse yon avètisman sevè bay kòlèg li yo, nan Konsèy Prezidansyèl Transisyon an. Li menase pou l bay demisyon li si pa gen mezi konkrè ki pran pou konbat ensekirite k ap ravaje popilasyon an. Se Moïse Jean-Charles ki te rapòte deklarasyon sa yo pandan yon entèvyou telefòn li te bay sou Magik9, jodi lendi 28 avril 2025 lan.
Dapre sa Moïse Jean-Charles esplike, Vertilaire pa kache deranjman l fas ak mank aksyn kòlèg li yo, sitou nouvo Kòdonatè Konsèy la, Fritz Alphonse Jean. Emmanuel Vertilaire, ki se yon moun ki pratike lalwa, te klè nan pozisyon li: « M ap demisyonnen si anyen pa fèt », li te deklare, pandan li mete aksan sou gravite sitiyasyon an epi nesesite pou gen repons rapid kont vag ensekirite a.
Commentaires