top of page

Donald Trump siyen yon dekrè pou elimine sèt (7) ajans federal.

Prezidan ameriken Donald Trump siyen yon dekrè pou mete fen nan sèt (7) ajans federal, pami yo Ajans Medya Mondyal Ozetazini (USAGM), ki sipèvize Voice of America ak plizyè lòt medya entènasyonal. USAGM jwe yon wòl enpòtan nan difizyon enfòmasyon atravè lemonn, ak yon odyans estime ak 361 milyon moun chak semèn. Ajans sa a gen plis pase 2 000 anplwaye epi li difize nan 49 lang.


Anplis USAGM, desizyon prezidansyèl la afekte plizyè lòt estrikti gouvènmantal, tankou Sèvis Federal Medyasyon ak Konsilyasyon, ki jere konfli travay, Sant Entènasyonal Woodrow Wilson, ki fè rechèch sou politik mondyal, ak Enstiti pou Sèvis nan Mize ak Bibliyotèk, ki sipòte devlopman kiltirèl. Dekrè a prevwa tou eliminasyon Konsèy Entèstitisyonèl sou San Zabri, ki kowòdone èd ki disponib pou moun san kay, Fon Devlopman Kominotè, ki sipòte pwojè ekonomik lokal, ak Ajans Devlopman Biznis pou Minorite yo, ki ankouraje antreprenarya nan mitan minorite yo.


Mezi sa a antre nan kad jefò administrasyon Trump lan pou diminye biwokrasi federal la epi rasyonalize depans Leta. Dekrè a mande pou chèf chak ajans afekte mete fen nan tout fonksyon ki pa egzije pa lalwa epi redui anplwaye yo nan minimòm posib. Dapre administrasyon Trump lan, ajans sa yo pa esansyèl epi yo reprezante yon fado finansye pou Leta. Sepandan, desizyon sa a soulve anpil kritik, sitou nan mitan moun ki benefisye sèvis ajans sa yo bay, epi li ka gen konsekans sou difizyon enfòmasyon entènasyonal, rechèch akademik ak sipò pou kominote defavorize yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page