top of page

Donald Trump lanse yon "viza annò" pou atire milyadè etranje yo.

Prezidan Ameriken Donald Trump anonse yon nouvo inisyativ pou mete ekonomi peyi a sou pye : yon "viza annò" k ap vann pou 5 milyon dola. Objektif la se atire gwo fòtin etranje, espesyalman sa yo ki ka kreye djòb, epi redui defisi nasyonal la.


Viza sa a se yon vèsyon  "Green Card" ki fèt pou envestisè rich. Pandan li t ap pale ak jounalis yo, ayè jedi 3 Avril la,  sou avyon Air Force One, Trump te prezante yon modèl viza a, ki gen imaj figi pa l sou li. Ak tout eksitasyon li, li te deklare: "Mwen se premye achtè a. Pa twò mal, non?" Administrasyon Trump prevwa mete viza sila disponib nan mwens pase de (2) semèn. An fevriye pase, lidè Repibliken an te deja mansyone li panse vann jiska yon milyon viza konsa, san li pa mete okenn limit sou ki peyi kandida yo ka soti, menm pa sou oligak ris yo.


Inisyativ sa a se yon pati nan plan relans ekonomik Trump lan, kote li vle mete Etazini sou lis pi bon destinasyon pou elit ekonomik mondyal yo. Pandan l ap chèche kapital lajan pou ranfòse ekonomi an, li montre tou volonte li pou mete imaj Amerik la kòm yon peyi ouvè pou gwo envestisè ki gen anpil lajan.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page