top of page

Dokiman Endepandans Ayiti Dekouvri nan Wayòm Ini.

Ministè Afè Etranjè Ayiti a, Dominique Dupuy, fè yon gwo dekouvèt pandan li t ap fè yon vizit nan Wayòm Ini. Li jwenn yon kopi ak orijinal Ak Endepandans Ayiti a nan Achiv Nasyonal Wayòm Ini. Se yon dokiman ki gen gwo valè pou istwa ak patrimwàn nasyonal peyi a, e ki reprezante batay pèp Ayisyen an pou libète.


Ministè a deja kòmanse demach pou fè dokiman an tounen Ayiti, yon fason pou dokiman sila a kapab konsève epi pataje ak sitou jenerasyon k ap vini yo. Vizit sa a tou te yon okazyon pou Dupuy diskite ak otorite Britanik yo sou sekirite, eleksyon, ak koperasyon nan zafè enfòmasyon.


Retou dokiman sa a t ap yon gwo jès istorik pou peyi a, ki va ranfòse memwa kolektif pèp Ayisyen an.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page