Ayiti klase kòm 48tyèm peyi ki pi bèl nan mond lan.
- Vanauscheca Bouzy
- 12 févr. 2022
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 8 juin 2023
Daprè yon lis ke Forbes Magazin soti epi pibliye 22 Out 2022 a, Ayiti klase kòm 48tyèm peyi ki pi bèl nan mond lan.

Si lè yap pale de Ayiti se toujou enstabilite politik, ensekirite, koripsyon ki souvan parèt anpremye.
Nan atik ke magazin ameriken an pibliye a (Forbes Magazine), Ayiti parèt nan lis peyi ki pi bèl nan mond lan eklase an 48 tyèm pozisyon devan panama ak Sweden.
Anpil moun twouble ak nouvèl sa piske nan eta peyi dayiti twouvel pandan plizyè lane parèt difisil pou li nan yon lis kote yap pale de peyi "ki pi bèl", sitou lè yap konsidere pwoblèm enfrastrikti, pwoblèm anviwonmantal, pwoblèm kiltirèl pou n site sa yo sèlman, sa pouse a mande sou ki baz lis peyi ki pi bèl yo fèt.
Sit entènèt ameriken, money.co ki nan domèn finans epi ki fè klasman an, baze sou kantite "MÈVÈY NATIRÈL oubyen RICHÈS NATIRÈL"
ke yon peyi genyen (Volcans, Montagnes, Récifs coralliens, Zones protégées, Littoral, Forêts tropicales, Glaciers) poul fè lis la.

Toujou nan yo Peyi yo analize sou 7 faktè e chak faktè sa yo kalkile sou san mil kilomèt kare ak yon Skò ki sou 10 pwen. Aprè tout kalkil epi analiz ki fèt, Ayiti fè mwayèn 4.11 / sou 10, sa ki fè li okipe 48tyèm plas nan klasman 50 peyi ki pi bèl yo.
Se yon bon moman pou Ayiti ak tout richès natirèl li yo, atire touris ki vle vin vizite l jan sa te konn fèt nan tan lontan (moun ki vle vin fè vakans, vin patisipe nan diferan fèt kiltirèl li yo, moun ki bezwen vin wè fanmi yo) sa ki ta pral pèmèt anpil lajan rantre nan ekonomi peyi a.

Lè nap konsidere reyalite aktyèl Peyi a; ensekirite, lavi chè, pwoblèm gaz, blakawout, pa gen la sante, pa gen wout, pou n site sa yo sèlman, li parèt prèske enposib pou touris vin ap flannen ak bout chòt pandan li konnen a 80% chans yo ka kidnapel oubyen li ka mouri.
Tout fwa, se yon lòt gwo okazyon Ayiti rate pami plizyè lòt, kote ke, imaj peyi a te ka vann nan yon lòt fason san konte plizyè santèn milye dola ki te ka rantre.
Comentarios