Depi Oktòb 2024, plis pase 142 000 Ayisyen depòte soti nan Repiblik Dominikèn.
- konektem info
- 17 févr.
- 1 min de lecture
Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) nan Repiblik Dominikèn anonse li deja depòte 78 522 Ayisyen epi rapatriye 63 856 lòt depi kòmansman operasyon yo nan mwa oktòb 2024. Sa fè yon total 142 378 sitwayen ayisyen ki retounen sou fwontyè a.
Pou premye 15 jou mwa fevriye a, 15 343 etranje san papye te depòte, daprè otorite dominiken yo. DGM fè konnen 98,8 % moun sa yo se Ayisyen. Pandan de (2) semèn ki sot pase yo, 135 operasyon kont migrasyon ilegal te fèt, ak 14 arestasyon pou trafik moun ak falsifikasyon dokiman.
Nan menm moman an, otorite dominikèn yo kontinye bay dokiman pou etranje ki gen estati legal. DGM rapòte li delivre 143 sètifikasyon, 2 168 pèmi ak 1 062 renouvèlman rezidans, sitou pou envestisè yo.
Comentarios