Cristiano Ronaldo fè yon piblikasyon ki kreye anpil dout.
- konektem info
- 26 mai
- 1 min de lecture
Cristiano Ronaldo fè yon piblikasyon sou paj li ki kreye anpil dout sou lavni li ak klèb sawoudyen Al-Nassr: “Chapit sa a fini. Istwa a? Li poko fin ekri. Mèsi pou tout bagay.” Deklarasyon sa a fèt pandan Al-Nassr pa rive kalifye pou Lig Chanpyon Azyatik la, malgre Ronaldo te make 35 gòl pandan sezon an. San bliye kontra l ap ekspire nan fen mwa jen 2025.
Gen rimè ki di kèk gwo klèb, tankou Palmeiras, Flamengo, ak Inter Miami, kote Messi ap jwe, t a enterese ak sèvis li. An menm tan, lòt sous rapòte Ronaldo t a sou pwen renouvle kontra li ak Al-Nassr jiska 2026, ak yon salè plis pase 200 milyon ewo pa ane, epi posiblite pou vin ko-pwopriyetè klèb la.
Malgre tout siksè pèsonèl li, Cristiano poko genyen gwo tit ak Al-Nassr. Fanatik yo rete tann si l ap chèche yon nouvo defi, oswa si l ap kontinye ap chèche ekri listwa l an Arabi Sawoudit.
Comments