top of page

Corventina Dumornay : Youn nan Favori Pou Balon Dò.

Malgre eliminasyon "Olympique Lyonnais Féminin" nan demi-final Ligue des Champion an kont Arsenal, jèn mitan teren ayisyèn nan, Corventina Dumornay kite tras li nan sezon 2024-2025 lan. Avèk 23 gòl ak 9 pas desiziv, "GOAL.com" mete non li kòm youn nan kandida serye pou Balon Dò a, malgre li pa t rive ranmase tout rekonesans li merite.


Apre yon sezon kote li te domine chanpyona Fransè a epi jwe yon wòl santral nan ekip li a, Dumornay te san diskisyon pi bon jwèz Lyon. Men, pifò ekspè panse gen de (2) faktè ki t a ka fè l pèdi plas li sou podyòm lan: Olympique Lyonnais sèlman ranpòte yon sèl koup pandan sezon an, epi Corventina pa t ka patisipe nan okenn gwo konpetisyon entènasyonal ak seleksyon ayisyèn nan.


Sepandan, konpetans li sou teren an ak kantite pèfòmans enpresyonan li mete sou tab la kont pi gwo ekip Ewòp yo t a sifi pou bay jèn fanm 21 lane sa a tout vòt li merite.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page