top of page

Chofè transpò piblik Kafou yo pwoteste kont ogmantasyon frè Peyaj Bandi yo enpoze.

Sikilasyon an te paralize jodi madi 21 oktòb la, nan komin Carrefour, kote chofè liy Carrefour–Pòtoprens yo deside sispann travay pou pwoteste kont ogmantasyon frè pasaj gang yo ap egzije sou wout la. Daprè enfòmasyon yo, frè sa, ki te konn 50 goud, monte rive 125 goud, epi li t a ka ale jiska 200 oswa 250 goud si nouvo mezi a aplike nèt. Pou fè tande vwa yo, chofè yo te bloke wout la nan plizyè zòn tankou Bizoton 53,Fontamara 43 ak Fontamara 37, kote yo te menm mete yon otobis lekòl an kwa pou anpeche sikilasyon pase.


Aksyon sa a te lakoz anpil difikilte pou plizyè abitan ki te oblije mache a pye oswa pran motosiklèt pou deplase, malgre move kondisyon yo apre gwo lapli ki sot tonbe. Pwotestasyon sa a montre yon fwa ankò kijan leta pèdi kontwòl sou wout prensipal yo, ki souvan anba men gang ak zam, k ap aji san pinisyon. Sitiyasyon sa ap vin pi grav chak jou, se popilasyon an menm ki kontinye sibi konsekans ensekirite ak lavi chè nan zòn nan.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page