Caribbean Worshipers : yon randevou adorasyon moun Bahamas pa negosye.
- konektem info
- 25 mars
- 3 min de lecture
Adore BonDye ak sove nanm se de (2) gwo objektif « Caribbean Worshipers » vize chak ane, yon konkennchenn evènman ki reyini kominote karayibeyèn nan, sou lidèchip Neslin Destilhomme. Pou yon katriyèm fwa, anfoul, moun Bahamas pare pou reponn prezan nan randevou sila. Ekip Konekte M nan tanmen yon antrevi ak vizyonè inisyativ sila a, Neslin Destilhomme ki te pataje avèk nou motivasyon l ki pèmèt li reyalize aktivite sa a.
Jonathan Dorziaire, jounalis : Kisa « Caribbean Worshipers ye » epi ki kote lide a soti ?
Neslin Destilhomme : Caribbean Worshipers se avan tou, yon aksyon de gras mwen ak madanm mwen vle ofri Letènèl pou montre L kijan nou rekonesan anvè tout sa L fè pou nou. Jeneralman aksyon de gras souvan gen fòm reyini moun chante, temwanye epi bay manje. Men nan ka pa nou pi bèl fason se te mete sou pye yon evènman k ap reyini tout kominote karayibeyèn nan, nan yon sèl espas, pandan n ap fè lwanj pou BonDye ansanm, epi chache nanm pou Sovè nou Senyè Jezi. Se sa ki fè, an Mas 2021, nou te deside lanse evènman sila sou non « Caribbean Worshipers».

JD: Aprè twa (3) edisyon èske w kwè « Caribbean Worshipers » jwenn yon plas nan kominote karayibeyèn nan ?
ND: Nou ka di wi gras a Dye, parapò ak jan moun yo toujou deplase an foul. Chak ane ekip la oblije nan chanje espas, paske espas yo toujou twò piti, ayisyen tankou bayameyen toujou debake an mas. Se pa sèlman afliyans moun ki patisipe nan aktivite a men se sitou «line up» la ki reflete lide pou mete talan karayibeyen yo anavan. Plizyè adoratè ak adoratris nan Bahamas ak lòt zile nan Karayib la toujou reponn prezan nan « Caribbean Worshipers ». Chak mwa Mas tout Bahamas, depi katran (4 an), konnen « Caribbean Worshipers » se yon moman adorasyon yo pa dwe rate.

JD: 29 Mas 2025 se dat pou katriyèm edisyon Caraibean Worshipers, kisa k ap diferan parapò ak lòt edisyon avan yo?
ND: Tout edisyon Caraibean Worshipers yo toujou wololoy men edisyon sila pral san parèy. Dabò nou òganize katriyèm nan, nan youn nan pi gwo espas nan Bahamas: BFM Diplomat Center, ki gen kapasite pou pran plis pase 2 000 plas. Ane a n ap gen plis moun k ap vin adore parapò ak lòt ane yo avan. Men n ap egalman gen plis moun nan delegasyon k ap soti tribòpabò pou vin adore ak nou tankou Ayiti, Kanada, Etazini, Repiblik Dominikèn. Ane a tou, nou gen yon «line up» ki chaje jèn adoratè, adoratris tankou Loutchina Decius, Joy, Atis Fondation Frè Luckson Zòn Pa Fè Moun (FFLZPFM) ak lòt ankò. Ane sa a Nou ajoute yon moman kominyon fratènèl, aprè adorasyon n ap gen pou n manje ansanm.

JD: Lè n konsidere vwayaj, ebèjman ak lòt obligasyon nou genyen pou n byen akeyi tout delegasyon nou yo, kisa ki eksplike « Caribbean Worshipers » gratis ?
ND: Caribbean Worshipers se pa sèlman yon aksyon degras, li se egalman yon evènman pou chache nanm pou BonDye se sa ki fè tout edisyon nou yo toujou gratis. Yon aksyon de gras ki vin tounen vizyon, ebyen BonDye fè pwovizyon. Pandan de (2) edisyon se grès kochon ki te kuit li. Men ane sa a, BonDye solisite plizyè moun toupatou pou kontribiye pou « Caribbean Worshipers » posib. N ap gen plis pase yon trantèn moun k ap nan delegasyon k ap soti Ayiti, Repiblik Dominikèn, Etazini, Kanada pou adore. BonDye ki bay vizyon an gentan fè pwovizyon pou tout bagay.

Neslin Destilhomme, ki entèprete « Jezi ooo » ki soti an oktòb 2024, se pami mizik pandan fen lane 2024 la ak kòmansman ane 2025 lan ki beni plizyè nanm, pwomèt yon moman san parèy nan adorasyon ak louwanj. Vizyonè a rete kwè moman sa a ap pote fui, li rete kwè ap gen vi k ap transfòme, moun ap vin jwenn Jezi, paske Sentespri BonDye pral aji nan BFM Diplomat Center, samdi 29 mas la.
Redaksyon: Jonathan Dorziaire
Comments