Bimani, Tayland ak kèk rejyon Chinwa frape ak yon tranblemantè ki lakoz plizyè viktim.
- konektem info
- 28 mars
- 1 min de lecture
Jodi vandredi 28 mas la yon tranblemantè magnetid 7.7 frape Bimani lakoz plizyè viktim. Tranblemantè sila a rive fè dega nan Bangkok kapital peyi Tayland, yon batiman 30 etaj kraze lakoz 43 ouvriye kwense anba dekonb yo. Gwo katastrof sila a souke tè Chinwa a tou pou kounya poko gen okenn bilan konsènan dega ki ta genyen Lachin.
Plizyè peyi ak òganizasyon tankou Ind ak Inyon Ewopeyèn (UE) pare pou yon repons imanitè bay Bimani ak Tayland ki prensipalman frape pa katastrof sila a. Jint militè k ap dirije Bimani deja pran desizyon pou deklare alèt eta dijans nan 6 rejyon sou teritwa yo a.
Comments