top of page

Bandi yo kontinye simen laterè nan Delmas 19.

Yè mèkredi 26 fevriye 2025 lan, Delmas 19  tranble anba kout zam bandi yo, ki lanse yon lòt atak nan fen jounen an sou popilasyon nan zòn sila.  Atak sa, ki pa sispann ogmante depi kèk jou, mete popilasyon an nan kouri kite kay yo pou chape poul yo.


Zak vyolans sila yo pa sèlman limite nan Delmas 19. Pandan jounen an, bandi yo  simen panik tou nan Delmas 30, sou Wout Frè, jou k rive jiska Kenscoff. Gwoup kriminèl Viv Ansanm kontinye ap fè ravaj, san okenn repons serye bò kote otorite yo. Neglijans sa a kreye plis enkyetid bò kote popilasyon an, ki santi li livre anba men malveyan.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page