top of page

Bandi atake yon Elikoptè Leta anba bal nan Sodo.

Sitiyasyon sekiritè a vin pi grav nan Plato Santral apre atak bandi yo, lendi ki te 31 mas 2025 lan, nan Mibalè. Gwoup ame ki fè pati kowalisyon “Viv Ansanm” kontinye simen laterè nan rejyon an, mete dife ak fŕ san koule nan plizyè komin, sa ki lakòz plizyè milye moun oblije kouri kite kay yo.


Nan apremidi madi 1ye avril 2025 lan, kriminèl yo louvri kout zam sou yon elikoptè Leta ayisyen t ap itilize nan Sodo. Aparèy la, ki t ap transpòte polisye voye bay ranfò, resevwa plizyè bal epi li te oblije rete atè, dapre sa yon sous pwòch Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil fè konnen. Kòm konsekans, tout vòl ki te prevwa pou jounen mèkredi sila yo anile.


Bandi yo, ki sanble pi alèz sou teren an, rive pran kontwòl anviwon 70 % nan komin Sodo, daprè otorite lokal yo. Nan tantativ pou rekipere kontwòl Mibalè, Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti (PNH) fè chanjman nan tèt polis vil Benoît Batraville la. Rete pou nou wè si mezi sa yo ap reyisi frennen eskalad vyolans lan nan rejyon an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page