Ayiti kalifye pou yon twazyèm fwa pou mondial U17 lakay mesye yo.
- konektem info
- 17 févr.
- 1 min de lecture
Seksyon foutbòl gason, anba 17 lane yo fè yon pakou san fot pou kalifikasyon peyi yo, pou yon twazyèm fwa nan Mondyal U17 la. 3 match, 3 viktwa, 10 gòl make, se bilan ekip sila a nan Faz eliminatwa nan peyi Gwatemala.
Ayiti, Kanada, Kostarika ak Meksik se kat (4) ekip nan rejyon CONCACAF la ki gentan valide tikè yo pou Mondyal Kata 2025 lan. Aprè 2007, 2019 drapo peyi a pral flote soti 5 pou rive 27 Novanm nan pi gwo konpetisyon foutbòl pou jèn gason anba 17 lane yo.
Commentaires