top of page

Atak sou Komisarya Montrouis: Yon Polisye Mouri, Plizyè Lòt Blese.

Nan lannuit 12 pou rive 13 fevriye 2025, komisarya "Montrouis" te sibi yon atak vyolan. Daprè sous ki pre Polis Nasyonal Ayiti (PNH), plizyè bandi ak zam te anvayi komisarya a kote kèk polisye te sou plas. Nan atak sa a, kat (4) polisye nan "Unité Départementale de Maintien de l'Ordre" (UDMO)  blese, pandan  Thomas Emmanuel Fils, yon polisye ki soti nan 33zyèm pwomosyon an, te pèdi lavi l apre li te resevwa yon bal nan tòraks li. Malgre yo te kouri lopital ijans avèk li, malerezman ajan sila pa siviv.


Atak sa a fèt an reyaksyon ak lanmò Ti Gérard, yon chèf gang ki t ap opere nan zòn nan. Jou 12 fevriye a, lapolis te mennen yon gwo operasyon, kote li te elimine lidè gang sa a, ki te enplike nan ekstòsyon lajan, nan yon pòs peyaj sou wout nasyonal nimewo 1 an. Daprè Lionel Lazare, pòtpawòl adjwen PNH la, bandi ki te sou lòd Ti Gérard te lanse atak sou komisarya a pou tire revanj sou polisye yo.


Malgre MMAS la ap miltipliye jefò pou retabli lòd an Ayiti, gang yo kontinye simen laterè ak kenbe kontwòl sou plizyè teritwa. Sepandan, selon Lionel Lazare, lapolis te voye ranfò sou teren an, sa ki pèmèt retou yon trankilite nan Montrouis.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page