top of page

Ansyen prezidan ameriken, Jimmy Carter, mouri ayè dimanch 29 desanm nan.

Jimmy Carter, ki gen 100 lane, ansyen prezidan Etazini soti 1977 pou rive 1981, mouri ayè dimanch 29 desanm 2024 la nan vil Géorgie. Prezidan Carter, yon veritab militan pou lapè, dwa moun ak demokrasi nan monn nan,  atravè fondasyon Carter Center, te make pasaj li sou tè a.  Nan lane 2002 li te resevwa  «Prix Nobel de la Paix» epi ekri non l nan lis ra prezidan ameriken ki resevwa distenksyon sila.


Pandan pasaj li nan tèt "Maison Blanche" (Mezon Blanch) lan, Carter te reyisi mete bout nan konfli Izrayèl-Arab, ki te opoze Izrayèl ak Ejip. Yon lòt kote, 39 èm prezidan an te dekriye akoz echèk administrasyon l lan nan kriz otaj yo nan peyi Iran , nan lane 1979. Echèk sila lakoz Carter te nan enposibilite pou l pran yon lòt manda nan tèt peyi Tonton Sam nan.


Carter se te yon kwayan ki pase yon bon pati lavi nan anseye katechis nan yon legliz Batis nan Géorgie(Jòji). Jimmy Carter se youn nan ansyen prezidan peyi etwale a ki gen anpil admirasyon nan tout monn nan. Pou anpil obsèvatè Jimmy Carter se youn nan meyè ansyen prezidan ameriken akoz militans ak enplikasyon aprè mandan prezidansyèl li nan rezoud gwo pwoblèm toupatou sou latè beni.

Opmerkingen

Beoordeeld met 0 uit 5 sterren.
Nog geen beoordelingen

Voeg een beoordeling toe
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page