Anpil nan Abitan nan zòn kafoufèy, Delma 30 ak Taba tanmen kite Lakay yo akoz atak Gang ak Zam.
- konektem info
- 25 févr.
- 1 min de lecture
Pandan semèn sa a, plizyè zòn nan kapital la pa sispann teworize anba atak gang yo. Pami zòn ki pi touche yo, nou genyen kafoufèy ak dèlma 30, ki pa sipann viv sitiyasyon laterè gang yo. Ayèreswa Lendi 24 Fevriye 2025 lan, abitan dèlma 30 yo pa sispann kraze rak, paske enfòmasyon fè konnen bandi yo atake yo, tire sou popilasyon an epi kraze mi pou fè pasaj. Menm yè swa sa tou, bandi yo fè gwo atak sou zòn Taba, sitou nan 27, kote popilasyon an pa sispann ap fè gwo kri dezespwa.
Semèn ki sot pase a, kafoufèy te tounen yon chan batay pou bandi ak zam, ki t ap atake lannuit kou lajounen. Sitiyasyon sila pa sispann teworize anpil nan abitan yo, ki pa t gen lòt chwa sof kite, prese prese, lakay yo pou pa viktim, malgre tout jefò brigad ak polizye zòn sila yo ap fè.
Popilasyon an, ki toujou ap mande leta pran responsablite l, pa sispann espere atak sila yo ap sispann, kote chak jou pi plis, bandi pa sispann swete ajoute non kèk zòn nan lis teritwa pèdi yo.
Comments