Anbasad Lafrans Fèmen Pot Li Akoz Ensekirite nan Kapital la.
- konektem info
- 25 févr.
- 1 min de lecture
Pandan dènye jou sa yo, nou ka konte konbyen enstitisyon k ap fèmen pòt yo akoz vag fenomèn ensekirite a. Fwa sa a, se Anbasad Lafrans an Ayiti ki blije fèmen pot li yo akoz agravasyon kriz sekiritè a. Nan yon nòt ki pibliye ayè lendi 24 fevriye 2025 lan, sou paj Facebook anbasad la, yo rive anonse y ap sispann tout sèvis depi jodi madi 25 fevriye a, pou pwoteje anplwaye li yo ak enstalasyon li yo kont menas gang ame yo.
Nan zòn metwopolitèn Pòtoprens, gang kontinye ap simen laterè, pandan otorite yo sanble pèdi kontwòl sou sitiyasyon an. Se pa premye fwa anbasad fransèz la blije fèmen akòz vyolans k ap ogmante chak jou pi plis. Daprè obsèvatè yo, ogmantasyon zak kriminalite sa yo mete an limyè echèk Leta a, pou mete fen nan mouvman gang ame ki kontinye fè lalwa.
Plizyè vwa leve pou mande leta pran mezi konkrè pou konbat gang yo epi retabli sekirite nan kapital la. "San volonte politik, solisyon an p ap posib", se sa anpil sitwayen kwè, pandan y ap mande Leta pran desizyon serye pou kwape ensekirite a.
Comentários