Aksidan Avyon: Yon Moun Mouri, Plizyè Lòt Blese nan Ayopò Scottsdale.
- konektem info
- 10 févr.
- 1 min de lecture
Jodi lendi 10 fevriye 2025 lan, yon kolizyon trajik rive nan Ayopò Scottsdale, Arizona, kote de (2) avyon prive te frape sou pis la, pandan yon aterisaj. Daprè otorite yo, aksidan an lakòz lanmò yon moun epi blese twa lòt.
Avyon ki te fè aksidan an te genyen ladan l kat moun, pandan lòt avyon ki te estasyone a te gen yon sèl moun ladan l. Otorite yo rapòte sila ki blese yo gentan ap pran swen lopital , malgre kondisyon yo grav.
Premye rezilta ankèt yo montre tren angrenaj prensipal gòch avyon ki t ap ateri a te kraze pandan aterisaj la, sa ki lakoz li sòti nan pis la epi frape lòt avyon an. Administrasyon Aviyasyon Federal (FAA) ak Komite Nasyonal Sekirite Transpò (NTSB) louvri yon ankèt pou detèmine egzakteman sa ki pase a.
Ayopò Scottsdale rete fèmen pandan otorite yo ap kontinye etidye sitiyasyon an. Aksidan sa a ajoute sou yon seri trajedi aviyasyon resan Ozetazini, mete aksan sou enpòtans mezi sekirite nan vòl prive ak komèsyal yo.
Comments