top of page

AGD mete men sou Kamyon Kontrebann k ap transpòte Machandiz Kache anba Sab.

Administrasyon Jeneral Ladwàn (AGD) mete men sou yon kamyon  ki t ap travèse zòn rivyè Masak nan Wanament, mèkredi 23 avril 2025 lan. Ajan ladwàn yo te dekouvri plizyè atik kache anba sab, tankou yon motosiklèt, invètè ak batri. Sa montre kijan kontrebandye yo  toujou chèche nouvo estrateji pou twonpe vijilans otorite yo.


Operasyon sa a se youn nan mezi AGD pran pou ranfòse sekirite ekonomik peyi a, espesyalman nan zòn fwontalye yo kote kontrebann toujou ap ogmante. Dapre otorite ladwàn yo, atik yo te kache ak anpil prekosyon, sa ki montre gen yon rezo ki byen òganize dèyè zak sa yo.


Pa plis pase yon semèn anvan, 17 avril, ajan ladwàn yo te arete yon mesye ki t ap fè tèt li pase pou yon ajan. Moun nan, ki idantifye kòm Duvert Roseland, te kenbe ak plizyè kolis ki te gen inifòm ak ekipman polis. Zak sa soulve gwo kesyon sou distribisyon ilegal resous sansib nan peyi a.


Fas ak tout menas sa yo, AGD kontinye mete aksan sou nesesite pou gen plis siveyans ak plis kolaborasyon ant tout enstitisyon ki gen misyon pwoteje ekonomi nasyonal la. Daprè responsab yo, ap gen plis fòmasyon pou ajan yo ak modènizasyon sistèm kontwòl yo pou asire pi bon jesyon sou fwontyè yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page