Administrasyon Prezidan Trump retire dwa Inivèsite Harvard genyen pou Akeyi Etidyan Etranje.
- konektem info
- 23 mai
- 1 min de lecture
Administrasyon Trump lan frape fò ak yon desizyon ki soulve gwo chòk nan monn edikasyon an: li entèdi Inivèsite Harvard pou resevwa nouvo etidyan etranje pou ane akademik 2025-2026. Daprè plizyè medya entènasyonal tankou El País ak Huffington Post, desizyon sa a sòti nan yon lèt Sekretè Sekirite Entèn, Kristi Noem, te voye bay Harvard. Lèt la akize inivèsite a dèske li tolere pwogram divèsite ak enklizyon (DEI), soutni diskou antisemitis, epi kenbe lyen ak Pati Kominis Chinwa. Mezi sa a frape plis pase 6,800 elèv entènasyonal, epi li vini ak friz plis pase 2.2 milya dola fon federal.
San pran tan, Prezidan entèrimè Harvard la, Alan Garber, denonse aksyon an kòm "ilegal ak san fondman" epi li pote dosye a devan tribinal federal Massachusetts, daprè media Cadena SER. Yon jij federal mete entèdiksyon an sou kote pandan batay legal la ap dewoule. Ansyen prezidan inivèsite a, Lawrence Summers, deklare li wè desizyon sa kòm "yon zak tirani kont libète akademik". Elèv yo ak militan dwa moun yo kontinye mobilize sou rezo sosyal yo pou defann prensip ouvèti ak enklizyon ki toujou make listwa Harvard.
Economic Times rapòte Anbasadè Ostralyen nan Washington, Kevin Rudd, eksprime gwo enkyetid sou elèv Ostralyen ki frape pa mezi sa a. Media news.com.au, souliyen entèdiksyon an parèt kòm yon eskalad nan batay politik Trump kont inivèsite elit yo. Gwo Analis yo panse aksyon sa a mete an danje pa sèlman estati legal elèv etranje yo, men tou prensip fondamantal edikasyon lib, enklizif ak global Etazini toujou defann sou sèn mondyal.
Comentários