top of page

26 Ayisyen Entène Lopital Repiblik Dominikèn pou Entoksikasyon.

Nan dat 2 desanm 2024 la, otorite yo konfime  26 sitwayen ayisyen entène nan lopital rejyonal Taïwan, ki sitiye Azua, Repiblik Dominikèn. Pami yo, te gen 24 granmoun ak 2 timoun. Daprè enfòmasyon yo, viktim yo te prezante sentòm tankou vomisman, salivasyon an kantite, kontraksyon miskilè san kontwòl, ak kè plen.


Doktè Luis Edward Pérez, direktè lopital la, fè konnen pasyan yo te resevwa swen ijans tankou administrasyon atropin, solisyon saline, ak yon netwayaj lestomak. « Gras ak rapidite ekip medikal nou an, tout moun an bon eta e anba siveyans medikal. Yo t a dwe retounen lakay yo lendi, apre yo fin konplètman geri », daprè direktè a.


Pou kounya, otorite dominikèn lanse yon ankèt pou idantifye sibstans ki lakòz entoksikasyon sa a. Sitiyasyon sa a vin ogmante enkyetid, espesyalman lè nou sonje yon ka resan kote twa Ayisyen te mouri nan Santiago, apre yo te bwè yon ji.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page