top of page

Òganizasyon MOCIDE mande Otorite yo pou pran mezi djanm pou konbat vyolans ak ensekirite nan katye popilè yo.

Òganizasyon sosyete sivil ,MOCIDE, lanse yon apèl ijan bay otorite tranzisyon yo pou yo pran mezi nesesè pou konbat ensekirite ak vyolans ki sakaje katye popilè yo. MOCIDE deplore kantite kay ki boule ak zak vyolans gang ak zam yo ap komèt, pandan otorite yo rete Je fèmen sou kriz sila a.


Òganizasyon MOCIDE egzòte Konsèy Prezidansyèl la ansanm ak Premye Minis Garry Conille pou yo mete anplas tout dispozisyon pou pwoteje popilasyon an. Li mande otorite yo pou yo tabli yon bon jan klima konfyans ant primati a ak KPT a, pou evite divizyon ki kapab febli aksyon gouvènman an kont ensekirite a.


Anplis, MOCIDE rekòmande pou bay lapolis ak fòs lame a resous ki nesesè pou yo ka ranpli misyon yo, espesyalman nan batay kont gang ak zam yo k ap simen laterè nan mitan popilasyon an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page